LE MILITANT

N’ap atire atansyon sou yon sitiyasyon ki komanse dejenere nan Okap

Selon istwa yo ba nou , zòn CHADA2 ak NAN BANNANN toujou gen dyèl antre yo. Men, gen moman sa pi chofe ke lòt. Sa gen yon bon ti tan ke fenomèn sa retounen nan aktyalite a.

Nan jou sa yo ki pase la, tansyon an vin monte pi wo paske gen plizyè entèvansyon ki fèt pa 2 zòn sa yo ki pote anpil dèy nan chak kan yo.

Sa ki pi di a, gen plizyè inosan ki viktim an pasan , san yo pa gen anyen pou wè swa ak dyèl la oubyen ak yonn nan katye yo.

Lajounen kou lannuit , pwotagonis yo ap opere !

Oganizasyon dwa moun, lapolis, lajistis, sosyete sivil nou dwe jwe patisyon pa nou poun evite yon bain de sang.

Laisser un commentaire