Jodia nou tout andanje.

Ou ka ap mache nan lari epi lapolis aretew kòm bandi.

LETA kraze yo sa mete nou nan sitiyasyon pou se nou kap viktim tout tan epi vrè koupab yo pa janm pini .

Lapolis ta dwe gen bonjan mwayen pou gen bon sèvis ransèyman pou detekte koupab yo olye se nan je pou yap wè kiyes ki koupab ou non.

Se sistèm sa ki kreye kesyon katye popilè ak katye rezidansyèl. Se sistèm sa ki fasilite zam nan men tout moun pandan ke mizè a ap galope.

Jean-Duly PROSPERE

Laisser un commentaire