M’AP TOUFE

Haïti, pays incertain
Haïti, bastion de la corruption
Haïti, pays d’exploitation
Haïti pays…………….

Mwen pa ka respire:
$ dola a ap toufem
$ dola a kenbem nan lalwèt pa gen pèsòn ki di yon mo.
Lamizè,polisyon kwense tout ti rèv ak objektif mwen yo paske nan peyim se chak koukouj klere pou jew .

Boujwa salòp, leta kowonpi melanje ak politisyen sendenden.
Bann sanwont, mal pou wont, leve pye nou sou kou frèm ak sèm yo.

Mwen bouke!
Wi mwen bouke; a laj 30 tan pou se paran kap lonje men banm.

Jèn lan gen diplòm, toutotan li pa graje kokoye li pap manje.
Jèn lan gen 30 tan, toutotan li pa pase twalmouye li pap dòmi.

Se yon kesyon « tout part pour les riches et les hommes d’État ».
Bann vagabond, sispann kanpe anfas jenès la.
Jenès la reve viv tankou moun.

Nou fout bouke!

Kenley GRACIUS

Laisser un commentaire