1 gwo sak diri Méga: $ 520
1 gwo galon lwil Alberto : $200
1 mamit sik : $ 60
Demi kès magi Criolito: $120
Demi kès lèt bongu : $ 200
1 mamit mayi moulen : $ 75
1 mamit pwa nwa : $170
1 kès espageti pastamama: $ 230
1 ti bwat bè : $ 30 … Men Sam achte maten an.

Kote LETA
Yon LETA san konsyans
Yon LETA san karaktè
Yon LETA ki sispann LETA
Yon LETA ki baw repiyans
Yon LETA ki san etik
Yon LETA san jistis
Yon enkopetan
Yon LETA vwayou
Yon LETA kakatwè

Nou fout BOUKE
Nou anvi viv tankou moun
Nou fout BOUKE viv nan kras
Wi nou fout BOUKE manje nan fatra
Nou fout BOUKE dòmi nan fé nwa
Nou fout BOUKE achte jistis tankou lot patat
Nou fout BOUKE tande TI MAMOUNE kap ki mouri enjis
Wi eske nap tann se TI JAN ak TI JOZEF ki tonbe poun leve kanpe

Leve kanpe,leve kanpe,leve kanpe
Pou nou di non ak enjistis
Non ak lamizè
Non ak vyolans sou TIFI ak FANM
non ak ensekirite nan katye popilè
Non nan mete zam nan ti marele ak malerez pou detwi prop tèt yo
Non mouche LETA iresponsab
Non mouche LETA kòwonpi
Non mouche LETA san konsyans

Mw diw fout leve kanpe,leve kanpe,leve kanpe

Pou nou jwennn jistis ak reparasyon pou TIMAMOUNE
Leve kanpe poun jwenn JISTIS pou sila yo ki san non yo
Leve kanpe pou yon lot LETA responsabl
Leve leve leve kanpe kanpe kanpe fok nou viv tankou moun poun pa mouri anba zam sekirite devan yon CAP DELI.

GRACIUS KENLEY, angaje pou yon lot sosyete ekitab.

Laisser un commentaire