SMS: Sosyete Militan pou Solidarite

MANIFÈS 1

KI SA SMS LA YE?: SMS ki se Sosyete Militan pou Solidarite ki avan te Sipòtè Mèt Sergo se yon mouvman politik ki pran nesans nan okazyon kandidati mèt Sergilus DOCTEUR pou pòs senatè nan depatman Nò peyi Ayiti.

Apre eleksyon sa yo, SMS te pran desizyon pou ranfòse tèt li nan estrikti l’ap mete kanpe ak evènman l’ap kreye nan Sosyete a, yon fason poul rive egziste kòm yon fòs sosyopolitik reyèl.

SMS se yon mouvman ki kwè nan konstriksyon yon sosyete kote chak moun ap angaje yo nan tout sak gen pou wè ak byennèt kolektif la. Se pou sa, SMS se yon mouvman ki pap preche « LAMÀN » men k’ap travay pou rive fè yon gran kantite moun reve yon Ayiti k’ap bon pou chak moun ki ladanl epi rive jwenn meyè metòd ki ka mete moun yo otravay pou reyalize pwòp rèv yo(pa gen pyès moun k’ap ka delivrew sinon ke ou menm).

Pou nou rive konstwi ak remanbre mouvman sa, nou repati SMS la an « SELI » ki fòme ak plizyè manb k’ap gen pou reyalize aktivite nan espas kote y’ap milite, yon fason pou reprezante kòrèkteman SMS.

KI OBJEKTIF VIZYON MISYON SMS?: Nou gen pou vizyon fè Ayiti tounen « Bèso Limanite », fèl reprann pas li pami gran nasyon ki egziste yo. Konsa SMS kòm gwoup ap kontribiye nan konstri yon sitadèl sitwayèn ak sitwayen patriyòt ki gen kouraj ak entèlijans pou leve defi sa.

Nou adopte filozofi VIV ANSANM lan ki chita sou kreyasyon richès k’ap posib nan kreye travay ak fè solidarite.

KI SA YON SELIL SMS YE?: Pou tout sistèm, tankou kò moun, eleman de baz yo se  » SELIL ». Se entèaksyon chak selil sa yo kap bay rezilta tout sistèm nan. Yon « SELIL SMS » se yon gwoup, pou pi piti 3 moun, pou piplis 5 moun ki pataje ideyoloji SMSyèn yo e ki deside regwoupe yo pou yo milite nan yon espas oubyen yon sektè yon fason pou vann lide sa yo.

KI FONKSYON CHAK MOUN NAN SELIL SMS YO?: Si se yon « SELIL » 5 moun, ap gen yon kòdonatè kap jwe wòl responsab relasyon piblik, yon sekretè, yon responsab alòganizasyon, yon responsa lojistik, yon responsab finans .

Si se yon « SELIL » 3 moun, ap gen yon kòdonatè kap jwe wòl responsab relasyon piblik, yon sekretè an menm tan kap jwe wòl responsab alòganizasyon, yon responsab finans an menm tan kap jwe wòl responsab lojistik.

KI ANTITE KI KWAFE TOUT SELIL YO?: Pou koòdone tout aktivite SMS yo, gen yon antite ki gen 7 moun ladanl kap administre SMS la. Se antite sa ki kwafe tout SELIL yo.

NAN KI ESPAS KONSA SELIL YO KA MILITE?: Depi se kote ki gen moun, ka gen yon « SELIL SMS » tankou nan legliz, nan lekòl, nan inivèsite, nan badji, nan lakou, nan katye, nan mache , nan bwat leta , nan izin, nan sèk bizango, elatriye.

NB: yon SELIL ka egziste klandestinman ou non, selon « Enjeu » ki gen nan espas yap milite a.

KI PRENSIPAL TRAVAY SELIL YO?: « SELIL » yo gen devwa make prezans yo nan espas kote yap milite yo nan kreye evènman nan mennen lit pou byennèt kolektif la ka blayi ak nan patisipasyon yo nan aktivite ke lòt antite ap òganize.

« SELIL » yo ap sèvi kòm antèn pou sistèm SMS la nan ranmase enfòmasyon k’ap itil SMS ak nan pote enfòmasyon SMS kote yo dwe rive.

NB: manb yon SELIL oubyen plizyè SELIL ka deside met tèt ansanm pou fè biznis.

CHAK KILÈ MANB YON SELIL DWE REYINI?: Manb « SELIL » yo ap chwazi yon jou nan semèn nan pou yo reyini òdinèman men , yo ka reyini nenpòt lè yo vle , depi gen nesesite .

CHAK KILÈ TOUT SELIL YO AP REYINI ANSANM?: Pou byen òdone aktivite yo, SMS divize tan an an Ane SMSyèn ki soti premye Septanm pou rive 30 Daou. Chak ane, ap gen yon asanble jeneral òdinè k’ap òganize ak tout « SELIL » yo, yon fason pou bay rapò sou travay yo ak pran desizyon pou avni SMS. Chak 3 mwa, ap gen yon asanble òdinè kote chak « SELIL » ap delege yon moun. Asanble sa ap fèt pou enfòme de aktivite SELIL yo epi pote koreksyon ki nesesè.

NB : ka gen asanble jeneral ekstraòdinè ki fèt si gen nesesite pou sa.

SA KI GEN NAN YON ASANBLE SMS?:
1- Enfòmasyon jeneral
2- Rapò aktivite SELIL yo
3- Fòmasyon
4- Rezolisyon

KI DEVWA YON MANB SMS GEN?:
1- Pou rive reyalize tout aktivite SMS yo, gen yon kotizasyon pou pi piti yon adòken(5 goud ) ki reklame nan men manb oubyen senpatizan SMS chak semèn.

2- Manb SMS yo dwe patisipe nan tout aktivite ki konsène SMS epi bay pwopozisyon pa yo pou avansman pwojè yo.

3- Manb SMS yo dwe travay anpèmanans pou kreye SELIL ak rekrite lòt manb .

KONKLIZYON: Nou pap gaspiye enèji nou , fòs nou ak kouraj nou nan kritike ni plenyen. N’ap met tèt nou ansanm poun reflechi poun aji.

N’ap met men ansanm gonfle ponyèt nou poun fè SMS tounen yon gwo zouti kap pèmèt nou enfliyanse sosyete a pozitivman sou plan sosyal ekonomik ak polotik .

Laisser un commentaire