LEVE KANPE!
Mande jistis ak sekirite se yon dwa, men m yon devwa pou yon sitwayen ki konnen nesesite poul viv nan bon jan anviwonman. Jodi a se yo, demen nou pa konn kiyès ki kapab viktim anba tren lanmò sa a ki pa gade ankenn moun nan je avanl pase. Nenpòt klas sosyal ou ladanl lan, ou ekspoze.
Li ka pi difisil pou yo monte anlè mòn lan, li kapab pi difisil pou yo vide sekirite ou genyen an atè avan yo pran w. Men, nanpwen kwen nan peyi DAyiti wap viv pou santiw an sekirite. Ensekirite a parèt sou tout fòm, tout kote. Si nou pa gonfle ponyèt nou pou nou mande jistis ak sekirite, si n pa leve kanpe pou frennen machin lanmò sa a, si n pa apiye sou dènye gout san sa yo pou n preche yon pawòl revolisyon, pwochen moun ki ap tonbe kapab nou menm.
Pa dwe janm gen lapè, si pa ka gen jistis. Pa dwe janm gen lapè, si lavi pa yon priyorite pou leta. Nan sa nap viv la yon moun ki endinye,ki pa revolte konnenw sispann moun.
Fok nou leve kanpe poun di nou ke nou bouke viv ak kè sote.
Fok nou leve kanpe poun di nou bouke konte kadav kap tonbe nan movez kondisyon.
Mw menm KENLEY GRACIUS, mw sèmante 7 fwa 77 fwa,fok sa chanje
Fok Ayiti reprann kap li poun tounen bèso limanite.
Fok gen lekol pou tout timoun san distenksyon.
Fok byennèt sosyal jwe wol li kòm sadwa.
Fok oganizasyon kap defann dwa timoun,fanm ak tifi yo fè travay yo ak transparans ak ekite.
Fok medam yo sispann desann kilot pou monte yon biwo.
Fok lajan LETA sispann depanse pou fè ti zanmi vin pi rich pandan pèp la ap mouri ak grangou.
Leve kanpe poun di non non non ak tout sot vyolans sou fanm ak tifi
Leve kanpe poun fout LETA boustè poul travay nan pwifi sak pi mal yo.
Fout leve kanpe nan Nò
Fout leve kanpe nan Sid
Fout leve kanpe nan Les
Fout leve kanpe nan Lwes
Kat kwen peyia leve leve leve kanpe kanpe kanpe fok nou viv tankou moun.
AYITI pap pari
GRACIUS KENLEY angaje pou yon lot Ayiti .